Yon operasyon lapolis ap dewoule nan Matisan, Pòtoprens, kote plizyè inite Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) mobilize pou atake pozisyon gwoup gang ame yo. Entèvansyon sa a ap fèt ak sipò Task Force la, ki angaje nan operasyon an ak ekipman espesyal. Task Fòs la ap itilize dwòn kamikaz nan Matisan pou vize pozisyon gang yo. Pandan entèvansyon an, plizyè machin blende lapolis te siyale nan zòn nan, sa ki montre fòs lòd yo rive avanse jiska Matisan.
Operasyon sa a ap dewoule nan yon kontèks kote gwoup gang ame yo kontinye reprezante yon gwo defi pou sekirite nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.















