Samson Bolivard, 28 lane, mouri asasinen ak kout kouto nan sware dimanch 8 pou bout lendi 9 novanm 2026 la devan lakay li Dèlma 31. Li resevwa kout kouto yo nan lestomak e se patnè li Roodjina Dorvil ki komèt zak kriminèl sa a. Pou kounye a, fanm nan nan gadavi nan komisarya Dèlma 33 a pou l ka reponn aprè zak li fin fè sou Samson an.
Yo te deja netwaye espas krim nan avan jij depè Raphaël Pierre te rive pou vin fè konsta legal yo epi ouvè ankèt.















