Dacheley Dorval pèdi lavi l anba bal nan vil Okay, nan depatman Sid la, aprè yon diskisyon ki te eklate ant li menm ak yon polisye. Daprè enfòmasyon sous lokal yo rapòte, konfli a te enplike polisye Bedard Sandres, alyas Biyès, e li ta gen rapò ak yon fanm. Blese anba bal, Dacheley Dorval te transpòte lopital, men li pa kontinye viv selon pwòch li.
Polisye ki enplike nan ensidan an ta deja nan izolman, pandan yon ankèt louvri pou klarifye sikonstans lanmò jèn gason an.













