Redaktè an Chèf

PNH la fè 2 gwo kou madi 22 novanm nan

Byen bonè nan maten, PNH la te gen alèt sou yon machin sispèk ki te sòti depi Montay Nwa. UDMO Lwès 1 ak SWAT te pouswiv li jiska Dèlma 83 kote youn nan prezime bandi yo tonbe nan echanj ak fòs lòd yo, yon kalachnikov sezi ak tout machin nan ki konn patisipe nan kidnaping. […]Lire plus...

Etazini bouskile 86 Dominiken tounen lakay yo

Lajistis nan peyi Etazini voye 86 dominiken tounen jodi madi 15 novanm nan bay prezidan Luis Abinader. Moun sa yo soti nan prizon pou move zafè tankou touye moun, trafik dwòg ak blanchiman lajan. Daprè dosye moun sa yo, gen ladan yo ki pase sòti 5, 10 jiska 15 lane prizon kay Tonton Sam. Daprè […]Lire plus...

Chif elèv ak etidyan Ayisyen ogmante lakay vwazen

Yon etid ki fèt sou ane 2017-2018 ak 2020-2021 montre kantite etidyan ayisyen ki Sendomeng te ogmante de 37,11%, daprè Ministè Edikasyon Repiblik Dominikèn. MINERD te anrejistre nan peryòd sa a 76 598 elèv ki te nan nivo primè ak segondè. Anviwon 3 lane pita, 105 021 aprenan ayisyen enskri nan lekòl lakay vwazen toujou […]Lire plus...

Yon jounalis mouri pa bal Lapolis Dèlma 33

Jounalis Romélo Vilsaint tonbe anba bal Lapolis nan Dèlma 33 pandan l t ap tante defann yon lòt jounalis Zénith FM ki se Robeste Dimanche polisye yo te arete. Dram sa a pase jodi dimanch 30 oktòb la pandan jounalis sa yo t ap kouvri yon mouvman pwotestasyon Baz 47 t ap òganize pou mande […]Lire plus...

Vitelòm vle fè fas kare ak majistra Wilson Jeudi

Chèf gang Tòsèl la ki se Vithelome Innocent ekri anpil bizniz nan zòn Taba e sou Dèlma tou pou mande yo fèmen paske li se eritye yo. Zòn Pui Blen, Dèlma 75, Franyo Vil ki sou kont majistra Wilson Jeudi, majistra Dèlma a ta sible tou daprè enfòmasyon yo. Vitelòm deside pou fèmen majorite biznis […]Lire plus...

Contact Us