Lapolis sezi materyèl sa yo aprè yo fin touye ajan BSAP yo nan Laboul 10 jounen mèkredi 7 fevriye a: yon fizi M4, yon fizi 12, yon Uzi, yon pistolè kalib 9mm, 2 pè menòt, yon manchèt, 2 kas balistik, radyo kominikasyon pou n site sa yo ase.
Gen plizyè minisyon polisye yo pran avèk machin epi moto ajan BSAP yo te ye yo. Se enfòmasyon sa yo ki an sikilasyon aprè dram nan.