Plizyè jèn gason nan vil Wanament ap fè pale de yo aprè difizyon videyo kote yo parèt ap manyen dèyè jèn fi k ap sot lekòl, pandan y ap filme aksyon yo epi prezante yo kòm yon prank. Pratik sa a reprezante yon konpòtman ki derespekte diyite jèn fi yo epi ki soulve enkyetid sou […]Lire plus...
Lapolis nan Okap arete Thomas Osbeck, yon misyonè ameriken ki sispèk nan abi seksyèl sou timoun nan òfelina Ignite Your Faith. Daprè otorite yo, 12 timoun te sibi egzamen medikal nan kad ankèt la. Analiz telefòn sispèk la ta revele mesaj ki gen kontni seksyèl eksplisit. Se pa premye fwa yon misyonè ameriken fè kadejak […]Lire plus...
Ayiti kontinye sèvi kòm yon pasaj pou rezo trafik dwòg entènasyonal yo, daprè rapò Gwoup ekspè Nasyonzini yo ki pote referans S/2026/714. Dokiman an, ki te pibliye an septanm 2026, prezante plizyè operasyon sezi dwòg ki fèt e sibstans ilegal sa yo se Ayiti yo itilize kòm tranzit nan rejyon Karayib la. Pami operasyon rapò […]Lire plus...
Konpayi ayeryèn “American Airlines” prevwa rekòmanse vòl li yo pou Ayiti apati 1ye novanm 2026, avèk yon sèvis chak jou sou trajè Miami-Okap, daprè enfòmasyon konpayi an pibliye. Vòl sa yo ta dwe fèt ak avyon Boeing 737, sa ki pral pèmèt pasaje yo vwayaje dirèkteman ant Miami, Ozetazini, ak Okap, nan nò Ayiti. American […]Lire plus...
Nan yon nòt li mete deyò, administrasyon Lopital Fèmat la demanti enfòmasyon ki fè kwè li pat dakò resevwa majistra Massillon an. Daprè nòt la, fanmi majistra a te gentan ale avè l nan yon lòt Lopital ki te deja anonse li mouri. Lopital Fèmat di se aprè plizyè èdtan yo te mennen Massillon Jean […]Lire plus...
Tout enfòmasyon yo konfime pandan malèz majistra komin Kenskòf la ayè maten, yo te rele anbilans pou vin chache l men sa pat janm fèt. Se jis aprè l fin mouri yon anbilans te rive nan komin nan alòske Massillon Jean se yon otorite lokal avan tou e yon sitwayen tankou tout lòt sitwayen ki […]Lire plus...
Administrasyon Donald Trump lan depòte yon lòt gwoup 72 Ayisyen, pami yo 10 fanm, ki rive nan ayewopò entènasyonal Okap la yè jedi 8 oktòb 2026, daprè enfòmasyon ki disponib yo. Vòl sa a antre nan kad operasyon otorite ameriken yo ap kontinye mennen pou depòte migran ayisyen yo tounen nan peyi yo. Pou kounye […]Lire plus...
Ministè Defans Repiblik Dominikèn anonse li ap mennen ankèt pou konnen kijan katouch kalib 50 ki te fabrike nan peyi a depi plizyè dizèn ane, rive nan men gang 400 Mawòzo a an Ayiti. Enfòmasyon sa a soti nan yon rapò Gwoup Ekspè Konsèy Sekirite Nasyonzini an pibliye sou trafik zam ak minisyon ann Ayiti. […]Lire plus...
Massillon Jean, ajan enterimè komin Kenskòf la mouri nan yon lopital nan komin Kenskòf jounen vandredi 9 oktòb 2026 la. Majistra a te santi yon doulè vant pandan l t ap monte nan lokalite Bwa davril maten an selon sa pwòch li yo pataje. Majistra a mouri pandan l nan kè yon batay pou libere […]Lire plus...
Yon dram familyal rapòte nan 3yèm seksyon Savannlong, nan komin Wanament, yè jedi 8 oktòb 2026. Moléon Joseph ta touye papa li, Morilon Joseph, ak yon kout baton, aprè yon ensidan kote papa a t ap bat manman l, daprè yon mesaj vokal jèn gason an kite sou WhatsApp. Nan mesaj sa a, li rakonte […]Lire plus...
