Aprè anviwon 6 jou ap diskite pou yo kapab jwenn yon solisyon ak kriz politik la, ni Eminant Pèsonalite CARICOM yo ni aktè politik yo pa rive antann yo sou yon desizyon fòmèl. Tou aktè yo kanpe sou brenzeng yo, yo di yo p ap fè yon pa kita yon pa nago sou pozisyon yo. […]Lire plus...
Aprè dènye sòti madan Manigat a gouvènman an òganize yon konsèy minis ki deside chwazi lis 20 pèsonalite pou voye nan HCT a ki yo menm pral gen pou chwazi 9 ladan yo pou fòme Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Nan lis sa a gen: Jacques Desrosiers, Gédéon Jean, Jimmy Albert, Miralda Jumeau, Kettly Julien, Newton […]Lire plus...
Chèf Biwo Entegre Nasyon Zini an an Ayiti, María Isabel Salvador, nan yon tweet fè konnen li p ap fè okenn sans pou se yon tranzisyon ki ranplase yon lòt. « Pou mwen menm, se sèlman eleksyon demokratik ki dwe òganize pou Ariel Henry ale. Men avan sa fòk gen sekirite ki tabli nan peyi a », […]Lire plus...
Joseph Félix Badio, sispèk kle nan asasina defen prezidan an, se bon zanmi Martine Moïse. Se Badio ki toujou konn kondi machin pou li lè l pral kay yon ougan ki se yon ansyen senatè tou, Pierre Espérance k ap pale. Direktè Egzekitif RNDDH la, pi lwen fè konnen, Martine Moïse ak Jovenel pat ansanm […]Lire plus...
EDE, GREH, PHTK, LAPEH, UNIR, MRN, MOPOD, OPL se kèk pami pati politik ki deside fè yon tèt ansanm e yo rele l « Front Uni » pou yo ka dechouke Ariel Henry. Ekip sa a fè konnen 7 fevriye 2024, wè pa wè y ap mete do Ariel atè pou yo pran pouvwa a. Claude Joseph […]Lire plus...
Si yè li te kite sal reyinyon an san l pat eskize pèsonn, jodi a PM Ariel Henry retounen. Diskisyon yo baze sou gouvènans, sekirite ak eleksyon. Koz Ariel pat vle antre nan pati gouvènans lan, te gen yon poz ki te pran. Men daprè sa yon sous konfye ak Métronome, se ameriken k ap […]Lire plus...
Konsansis Nasyonal pou yon Tranzisyon Enklizif ak eleksyon transparent ki te jwenn sinyati 21 desanm 2022 a nan tèt kole ant Ariel Henry ak reprezantan kèk sektè nan peyi a pibliye ofisyèlman nan jounal ofisyèl peyi a ki se « Le Moniteur ». Se nan yon nimewo ki parèt 3 janvye 2023 a li pibliye. Kèk pati […]Lire plus...
Li pa vle itilize ni Palè Nasyonal ni Primati pou fè seremoni enstalasyon Konsèy Nasyonal Tranzisyon an ki gen ladan l Mirlande Hyppolite Manigat, pastè Calixte Fleuridor ak Laurent St Cyr. PM nan te chwazi yon otèl nan Petyonvil pou fè sa men otèl la pa aksepte pou akeyi yon seremoni politik parèy, daprè sa […]Lire plus...
Yon pwolongasyon pou 14 mwa ankò, se konsa dokiman sou konsansis nasyonal ki siyen mèkredi 21 desanm 2022 a bay Ariel Henry dwa pou kontinye avanse tèt dwat nan desizyon li yo. Daprè dokiman sila a, nan lane 2023, doktè a ap òganize eleksyon pou li ka remèt pouvwa a bay moun vèdik yo ap […]Lire plus...
Ansanm sektè ki te siyen akò ak Ariel Henry pou vini ak Konsèy Nasyonal Tranzisyon an chwazi madanm Mirlande Hyppolite Manigat, Laurent St Cyr ak pastè Calixte Fleuridor pou al pran syèj nan tèt estrikti sila a. 3 pèsonalite sa yo ap gen pou enstale avan lontan selon enfòmasyon nou ka fè konfyans. Nou dwe […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]