Pou sèlman mwa oktòb pase a, selon yon rapò sosyete “Challenger” pibliye, gen 153 074 moun ki pèdi travay yo Ozetazini. Chif sa a reprezante 183% pa rapò ak mwa septanm 2025 lan. Sektè ki plis touche ak desizyon sa a se teknoloji a kote 33 281 moun pèdi djòb yo. Sèlman pou lane 2025 […]Lire plus...
Enspektè Frantz Lerebours se nouvo direktè kominikasyon Polis Nasyonal d Ayiti. Menm jounen jedi 6 novanm sa a, li te tou prezante gran piblik la komisè Garry Desrosiers kòm pòt-pawòl enstitisyon an ki fè gran retou li. Yo di chanjman sa a fèt nan fason pou gen pi bon relasyon ant laprès ak PNH la. […]Lire plus...
“Tout jèn fanm ak jèn gason depi yo ka touye moun, yo ka vin prezidan. Se konsa tou yo vle komisè Muscadin vin chèf d Eta”, se yon pati nan deklarasyon ansyen kolonèl Himler Rebu fè sou Jean Ernest Muscadin. Rebu ajoute, depi l wè komisè a t ap vide moun atè konsa, li te […]Lire plus...
Inyon Ewopeyèn anonse yon èd ki estime a 21.5 milyon Ewo pou Ayiti ak rès peyi nan Karayib la ki viktim aprè pasaj ouragan Melissa yo. Nan lajan sa a, 2 milyon ap vin jwenn Ayiti pou ede moun ki viktim anba men gang selon donatè yo, 5 milyon pral jwenn Jamayik, Kiba ak Ayiti […]Lire plus...
Ajan UTAG, SWAT ak UDMO mennen yon operasyon nan zòn Simon Pele ak Vilaj Solidarite nan fen jounen dimanch 2 novanm 2025 lan. Selon bilan ki disponib yo, gen plizyè grenn bandi ki al jwenn bawon. Gen anpil baraj ki te gen nan zòn sa yo lapolis kraze tou ki te relye Site Militè ak […]Lire plus...
Mesye dam ki di y ap dirije Ayiti yo dekrete 3 jounen dèy nasyonal pou onore memwa moun ki mouri pandan pasaj ouragan Melissa yo. Desizyon sa a pibliye nan yon arete e 3 jou sa yo se lendi 3, madi 4 ak mèkredi 5 novanm 2025. Pandan peryòd sa a, drapo dwe ise a […]Lire plus...
Pijon an pran vòl ankò. Laurent Saint-Cyr pran avyon vandredi 31 oktòb sa a pou l ale nan peyi Kata. Bò kote KPT a, yo sòti yon kominike ofisyèl sou vwayaj Prezidan foulay . Rezon ki bay towo a al patisipe nan dezyèm somè mondyal sou developman sosyal. Laurent Saint-Cyr se sèl kodonatè KPT a […]Lire plus...
Avèk yon foto Entèlijans Atifisyèl k ap sikile sou entènèt la, anpil ayisyen ap reklame komisè Jean Ernest Muscadin kòm prezidan peyi d Ayiti nan pwochèn eleksyon k ap gen pou fèt yo. Anpil ayisyen ap eksprime lanmou yo pou komisè a poutèt angajman li epi aksyon li poze kont teworis yo nan peyi a. […]Lire plus...
30 moun mouri, 20 lòt disparèt e gen 20 moun ankò ki blese daprè pwoteksyon sivil. Depatman Lwès pou tèt pa l ki pat menm sou alèt wouj anrejistre 23 nan 30 kadav yo daprè direktè jeneral pwoteksyon sivil la, Emmanuel Pierre. Entèdiksyon alèt wouj la leve e entèdiksyon pou moun pran lanmè a leve […]Lire plus...
Prezidan ameriken an, Donald Trump, avan li pran avyon pou ale nan peyi Koredisid deklare peyi li a prè pou ede tout peyi nan rejyon an ki frape anba siklòn Melissa yo. Jamayik, Ayiti, Kiba ak Bahamas se kèk nan peyi sa yo. Bò kote pa nou an Ayiti, si èd sa a bay, gen […]Lire plus...
