Yon lòt 18 me debake nan peyi d Ayiti, Akayè pa gen seremoni ofisyèl, sa ki koz: gang ak zam. Nan diskou k ap fèt depi lontan nan moman tranzisyon manch long sa a, pa janm gen yon mezi serye ki pran pou estope deriv yo. Moun ki premye minis la, menm deviz peyi a li pa konnen. Anpil kote ki gen aktivite pou komemore drapo a, se lekòl ak kèk gwoup òganize ki fè yo. 223 lane aprè kongrè Akayè a, mesye dam yo pa sispann trennen drapo a nan labou.
Peyi a chaje trèt ladan l ki pa vle l avanse. Yo alèz nan fè betiz pou jere enterè pa yo.





















