Prèske tout lekòl kanpe travay, anpil biznis fèmen pòt yo, moun prèske pa sòti al nan aktivite yo, depi ayè lendi a, anpil paran blije kenbe ti moun yo lakay paske yo pa konn kisa ki ka pase nan lari a. Majorite moun ki pran lari nan sektè enfòmèl la se an chat kalis e […]Lire plus...
Moun ap tonbe tankou grenn lapli nan Kanaran. Bandi asasine plis pase 5 moun pami yo ansyen jwè klèb foutbòl Aigle Noir Josué Jean-Pierre. Yo boule anpil kay, yo vyole plizyè fanm ak ti fi k ap pase oubyen viv nan zòn sa a. Moun Kanaran ap rele anmwe depi lendi pase a nan aswè. […]Lire plus...
Kansè kidnaping nan kontinye ap jwe nan peyi a. Martine Fouchard Ledan ki se direktris enstitisyon Denise Fouchard viktim zak kidnaping yè madi 17 janvye a nan maten. Se sou wout Pèleren an malfra yo leve madanm nan alòske l te sou wout pou ale nan travay li. Ravisè yo egzije gwo mago lajan pou […]Lire plus...
Fabiola Dupoux Léger ki se sè David Dupoux te viktim de zak kidnaping jounen madi 17 janvye 2023 a nan komin Taba. Se nèg ak ame jouk nan dan ki te fè dappiyanp sou madanm nan. Kèk èdtan aprè anlèvman sa a, fanmi li konfime bandi yo libere l. Pa gen enfòmasyon ki bay sou […]Lire plus...
Dimanch kite 15 janvye a, gen 3 bandi ki vale dlo bouch yo nan zòn Tòsèl nan echanj kout zam ak Lapolis. Bandi yo te anvayi kay yon jij de pè ki nan menm kominote sa a. Jiska aswè dimanch sa a, zòn nan rete anba gwo tansyon, pyès moun paka deplase tèlman bri zam […]Lire plus...
Aristide Jean Romain ak Alexandre Jean Kendy se non 2 prezime bandi Lapolis arete jedi 12 janvye 2023 ki sot pase la a. Mesye sa yo ta gen men yo tranpe nan asasina polisye Présumé Wilson, 22e pwomosyon ki te afekte ak BIM. Aristide fèt Valyè an 1974 e Kendy fèt Pòtoprens an 1988 daprè […]Lire plus...
Polis Nasyonal la anonse gras ak sipò UDMO ak bakòp nan Senmak, yo rive libere 4 moun bandi te anlve nan Dig, yon lokalite nan komin Lyankou 10 janvye pase a. Viktim yo te nan wout pou ale depoze yon lajan Labank lè sa rive a. Daprè Lapolis fanmi moun sa yo ta nan konplo […]Lire plus...
Kat moun mouri pami yo 2 polisye aprè midi madi 10 janvye a nan Kafou Fèy egzateman nan kafou Legliz Wesleyenne ak Avni Maglwa Anbwaz. Se nèg ak zam ki touye moun sa yo daprè enfòmasyon nou rive jwenn. Idantite moun sa yo pako revele men gen yon biznismann pami viktim yo. 2 polisye yo […]Lire plus...
Lapolis arete yon sitwayen ki rele Ronelson Saint Louis aprè li fin asasine pwòp madanm li aprè 3 mwa depi yo te marye. Li fè krim sa a depi mwa mas 2022 alòske yo te marye nan mwa desanm 2021. Ronelson te lage kò l nan mawon aprè komisè gouvènman Sen Mak la ki se […]Lire plus...
Daprè sa sèvis près polis nasyonal la rapòte, nan echanj kout zam ak Lapolis, gen 3 bandi ki vale dlo bouch yo nan komin Kwadèboukè ayè lendi 2 janvye 2023 a. Anplis de sa, yo anonse ajan ki t ap mennen operasyon sa a sezi yon fizi daso. Seri operasyon sa yo, daprè PNH la […]Lire plus...




