Ajan Biwo Lit Kont Trafik Estipefyan (BLTS) sezi 333.795 kilogram marigwana nan yon operasyon ki te dewoule 18 ak 19 oktòb 2026, nan lokalite Gran Baryè, komin Lilavach, nan depatman Sid peyi a. Operasyon an te fèt an kolaborasyon ak Gad Kòt Ayisyen an. Daprè Direksyon Kominikasyon Polis la (DIKOP), ajan yo te dekouvri prèske 66 bal marigwana, ki te bay rezilta pozitif nan tès preliminè yo.
Nan yon nòt, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) reyafime detèminasyon li pou kontinye mennen operasyon kont trafik dwòg ak lòt aktivite kriminèl sou tout teritwa peyi a.















