Plis pase 253,000 timoun ann Ayiti ka fè fas ak malnitrisyon egi daprè estimasyon UNICEF ak patnè li yo. Vyolans gang yo ap ogmante presyon sou fanmi ki deja vilnerab yo, sitou akoz deplasman popilasyon an ak difikilte pou jwenn manje, swen sante ak sèvis nitrisyon. Kondisyon sa yo kapab mete plis timoun nan risk […]Lire plus...
Biwo Nasyonal Idantifikasyon (ONI) lanse, jedi 4 septanm 2026, yon nouvo platfòm ki pèmèt sitwayen yo verifye estati Kat Idantifikasyon Nasyonal (CIN) yo sou entènèt. Sèvis la disponib sou delidoc.gouv.ht/verifierNINU. Itilizatè a sèlman bezwen antre Nimewo Idantifikasyon Nasyonal Inik (NINU) li pou konnen si kat la aktif nan baz done ONI a. Lè verifikasyon an […]Lire plus...
Ministè Ayisyen K ap Viv Aletranje (MHAVE) anonse lanmò ansyen minis li a, Olicier Pierriche, ki mouri 1ye septanm 2026 apre li te fin soufri ak yon maladi pandan yon bon tan. Olicier Pierriche te pran tèt MHAVE ofisyèlman 22 janvye 2015, anba prezidans Michel Martelly, kote li te ranplase François Guillaume II. Lè li […]Lire plus...
Pandan jounalis yo retounen al kouvri fineray kèk moun ki te viktim nan masak Kenskòf la jounen mèkredi 2 septanm 2026 la, anpil ladan yo chape anba anpil kou. Selon plizyè konfrè, se pwòch viktim yo ki menase yo, ba yo kou epi menm rive kraze aparèy travay yo. Semèn pase a, menm aksyon sa […]Lire plus...
Plizyè pati politik leve vwa yo kont fason Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) ap mennen pwosesis enskripsyon elektè yo. Daprè responsab yo, pandan yo t ap eseye enskri anviwon 30,000 manm nan sistèm nan, yo remake kèk ladan yo te deja anrejistre sou non lòt moun. Yo estime sitiyasyon sa a montre gen gwo feblès nan […]Lire plus...
Ansyen prezidan Michel Joseph Martelly debake nan Lise Petyonvil jounen dimanch 30 dawout 2026 la pou al ajoute non l kòm elektè sou rejis elektoral la. Lidè tèt kale a te debake ak ekip li, sa ki te parèt prèske tankou yon sipriz pou l ka mete non l sou lis la. N ap raple […]Lire plus...
Yon gwo jès solidarite fèt pou sipòte timoun ki nan Òfelina Fr Luckson Zòn Pa Fè Moun nan, nan kad preparasyon pou antre lekòl 2026–2027 an. Antrepriz BAM Official ak SHAMA Promo mete fòs yo ansanm pou ofri 2 milyon goud bay fondasyon an. Responsab òfelina a, Luckson Jean,konfime li resevwa don an sou kont […]Lire plus...
Lendi 31 dawout, madi 1e ak mèkredi 2 septanm 2026 konsakre nan komin Kenskòf kòm 3 jounen dèy nan memwa moun kriminèl yo asasinen 23 out pase a. Jean Massillon ki se majistra komin nan kondane vyolans ki kontinye fèt anlè a pandan l swete gen omaj byen merite ki rann ak inosan sa yo. […]Lire plus...
Majistra Okap la, Michel Saint-Croix anonse yon lòt mezi ki soulve gwo deba ankò, se entèdiksyon pou Tibikòs vann nan vil l ap dirije a. Majistra a di menm moun k ap pwodui Tibikòs la si l vin mande otorizasyon pou vann li yo ka arete l paske sa reprezante yon menas pou sante moun. […]Lire plus...
Plizyè sitwayen nan vil Wanament denonse pasivite minis Travay Piblik yo, Almarthe Pierre-Louis konsènan konstriksyon kanal gran Ri Espanyòl la. Selon sitwayen yo, anviwon 9 jou aprè minis la fin lanse pwojè a, travay yo ap make pa sou plas. Kanal sa a lakoz gen blokis pousyè ak labou e li sitirè fatra sitou lè […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
