Gen pou pi piti 613 moun ki pèdi lavi yo nan komin Site Solèy ak Laplèn sòti 6 pou bout 31 jiyè 2026 selon yon rapò Biwo Entegre Nasyon Zini an Ayiti pibliye semèn sa a. Selon BINUH, gen 375 lòt ki blese. Pami moun ki mouri yo, gen 111 fanm ak 77 ti moun. […]Lire plus...
Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn nan, Sandra Paulémon konfime se 120 milyon dola vèt pouvwa defakto a ap mobilize pou òganize eleksyon yo nan peyi d Ayiti. Selon minis lan, dwe gen yon gwo kanpay enfòmasyon nasyonal ki mete sou pye pou sansibilize popilasyon an pou yo patisipe nan eleksyon sa yo ki prevwa pou […]Lire plus...
Ansyen manm Fwon Rezistans lan, Jerry Bien-Aimé manke tonbe anba men lapolis ki t ap fè yon fason pou arete l jounen samdi 1e dawout sa a. Aprè operasyon an ki pa reyisi, patizan Jerry yo fè gwo dezòd nan Gonayiv kote anpil kout zam t ap chante nan divès kwen. Sitiyasyon sa a te […]Lire plus...
Delege depatmantal Nò a, Marc Présumé pa mete dlo nan bouch li pou l dezabiye Sunrise Airways an prezans premye minis defakto a nan yon reyinyon. Marc Présumé denonse dezòd ak sèvis move kalite konpayi sa a ap founi nan peyi a e li konnen PM nan okouran. Alix Didier Fils-Aimé di se pa li […]Lire plus...
Chofè moto nan zòn Kafou Ayewopò lanse yon apèl bay Lameri. Daprè yo, depi aktivite komèsyal machann yo diminye nan zòn nan, kantite kliyan yo bese, sa ki lakòz revni yo tonbe anpil.Lire plus...
Nimewo 2 katèl meri Petyonvil la, Marie Géralda Nelson fè yon vizit sou Plas Sen Pyè pou konstate avansman travay amenajman k ap fèt nan espas piblik sa a. Daprè sa li obsève pandan vizit la, pwojè a ap pwogrese e plizyè travay deja rive nan yon etap enpòtan. Prezans responsab kominal la sou tèren […]Lire plus...
Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) rann piblik kalandriye elektoral la jounen lendi 27 jiyè 2026 la. Jan sa te anonse a, premye tou eleksyon yo prevwa òganize 13 desanm ane sa a, e dezyèm tou yo pou 21 fevriye 2027. KEP a di se tout kouch nan sosyete a ki dwe mete men pou reyisit […]Lire plus...
Majistra Gonayiv, Gina Jeanty, anonse yon arete pral soti pou konbat bri twòp nan vil la. Mezi a pral vize motosiklèt ki modifye mòflè yo ak machin son ki twouble trankilite piblik la. Administrasyon minisipal la fè konnen objektif la se diminye polisyon sonò epi amelyore kondisyon lavi popilasyon an.Lire plus...
Konsèy elektoral la antre nan yon lojik mete epis nan vyann nan avan l chode. Lago ki genyen ant KEP a ak gouvènman defakto a lakoz kalandriye elektoral la poko pibliye pandan tan sa a, yo gentan lanse pwosesis anrejistreman elektè divès kote nan peyi a. Plizyè obsèvatè kwè se sou fo fim gouvènman an […]Lire plus...
Yon glisman tè frape Legliz Tabènak Roch Dans Haut, ki chita nan lokalite La Belle Place, 3ᵉ seksyon kominal Obè nan komin Pòdepè, lendi 20 jiyè 2026, pandan yon sèvis jèn t ap dewoule. Daprè premye enfòmasyon plizyè medya lokal nan depatman Nòdwès la rapòte, omwen yon timoun 3 zan pèdi lavi li sou plas, […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
