Yon nonm ki idantifye sou non Ougan Tibo Liberal mouri yè samdi 31 oktòb 2026 la, nan echanj kout zam ak Lapolis nan yon gagè ki toupre mache kominal Wanament lan. Ensidan an rive pandan ajan fòs lòd yo t ap egzekite yon manda kont li. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, lè Ougan Tibo Liberal […]Lire plus...
Yon chajman anviwon 525 tòn materyèl militè ki soti Bangladèch ap antre an Ayiti atravè Repiblik Dominikèn, pou sipòte Fòs Represyon Gang yo (GSF). Materyèl yo gen ladan zam, ekipman militè, machin espesyalize ak lòt founiti pou operasyon sekirite yo. Almay te finanse transpò chajman an, pandan Repiblik Dominikèn te fasilite operasyon lojistik la. Nasyonzini […]Lire plus...
Prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, denonse sa li konsidere kòm manti nan yon rapò yon òganizasyon pibliye sou operasyon sòlda peyi li yo ann Ayiti. Òganizasyon an te akize militè salvadoryen yo kòmkwa yo ta itilize bonm ak elikoptè ame nan operasyon kont gwoup ame yo. Nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal yo, […]Lire plus...
Lapolis Nasyonal Dayiti, avèk sipò Task Fòs la, mennen yon operasyon nan zòn Bèsi, ant komin Akayè ak Kabarè, yè jedi 29 oktòb 2026 la, kote plizyè manm gwoup ame a pèdi lavi yo, pami yo chèf gang Kabarè a, yo konnen sou non “Galaxie”. Daprè enfòmasyon plizyè medya ayisyen rapòte, Galaxie ak plizyè lòt […]Lire plus...
Prezidan ameriken an, Donald Trump, bay prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, asirans li pa gen okenn objeksyon pou Salvadò kontinye deplwaye sòlda an Ayiti pou chèche 4 teknisyen militè li yo ki disparèt depi 18 oktòb pase a. Se sa medya ameriken Axios revele vandredi 30 oktòb 2026. Daprè Axios, Bukele te kontakte Trump nan […]Lire plus...
Yon sitwayen ayisyen arete nan Villa Altagracia, nan Repiblik Dominikèn, paske yo sispèk li gen lyen ak gang 400 Mawozo a. Plizyè medya dominiken rapòte rezidan nan zòn nan te entèsepte mesye a anvan yo te remèt li bay lapolis. Daprè enfòmasyon medya dominiken yo pibliye, mesye a te pase anviwon 3 jou nan zòn […]Lire plus...
Yon nouvo kòwòt 1 189 polisye gradye jounen vandredi 30 oktòb 2026 la nan Akademi Polis la sou wout Frè a. Pwomosyon sa a ki batize Dessalines gen 242 fanm ladan l ak 947 gason. Ekip sa a pral ranfòse efektif PNH la nan peyi a nan yon kontèks kote kriz sekirite a ap vale […]Lire plus...
Prezidan ameriken Donald Trump lanse yon lòt atak vèbal kont Ayiti. Yè samdi 24 oktòb 2026 la, pandan yon rasanbleman politik nan Perry, nan eta Georgia, li repete yon ekspresyon denigran li te itilize deja pou pale de kèk peyi, pami yo Ayiti, nan kad diskou li kont migran yo. Pandan li t ap atake […]Lire plus...
Militè tchadyen Sossal Kamis Alhadj, ki deplwaye an Ayiti ak Fòs Represyon Gang yo reyaji apre prezidan salvadoryen Nayib Bukele te pibliye kat idantite li. Nan yon videyo li mete deyò, militè a konfime li vivan, pandan sitiyasyon sa a soulve kesyon sou sikonstans ki te fè kat idantite li pèdi pandan operasyon k ap […]Lire plus...
6 vòl te pwograme pou ale Ayiti vandredi 23 oktòb la, daprè enfòmasyon plizyè medya rapòte sou baz done platfòm swivi ayeryen FlightAware. Pami vòl sa yo, 3 te soti Washington, D.C., Ozetazini, epi 3 lòt te soti Salvadò. Youn nan aparèy yo se yon avyon militè ameriken C-130J Super Hercules, ki pote endikatif SHARK99. […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
