Prezidan ameriken an, Donald Trump, bay prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, asirans li pa gen okenn objeksyon pou Salvadò kontinye deplwaye sòlda an Ayiti pou chèche 4 teknisyen militè li yo ki disparèt depi 18 oktòb pase a. Se sa medya ameriken Axios revele vandredi 30 oktòb 2026. Daprè Axios, Bukele te kontakte Trump nan telefòn pou l konnen si Washington te gen pwoblèm ak ranfòsman prezans militè Salvadò ann Ayiti. Trump ta reponn li: ..Fè sa ou gen pou fè a…
N ap raple rezon prensipal deplwaman sa a se paske Nayib Bukele pèdi 4 nan sòlda li yo an Ayiti e li tou sèvi ak sa pou sabote Viv Ansanm.













