Yon nouvo kòwòt 1 189 polisye gradye jounen vandredi 30 oktòb 2026 la nan Akademi Polis la sou wout Frè a. Pwomosyon sa a ki batize Dessalines gen 242 fanm ladan l ak 947 gason. Ekip sa a pral ranfòse efektif PNH la nan peyi a nan yon kontèks kote kriz sekirite a ap vale tèren. Seremoni an te òganize an prezans Alix Didier Fils-Aimé, premye minis defakto, minis Defans lan, Mario Andresol ak chèf PNH la, Jonas Vladimir Paraison.
Polisye sa yo fè pati pwogram P4000 la, selon sa otorite yo fè konnen.













