Prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, denonse sa li konsidere kòm manti nan yon rapò yon òganizasyon pibliye sou operasyon sòlda peyi li yo ann Ayiti. Òganizasyon an te akize militè salvadoryen yo kòmkwa yo ta itilize bonm ak elikoptè ame nan operasyon kont gwoup ame yo. Nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal yo, Bukele fè konnen misyon an pa gen bonm nan ekipman li. Li souliye tou elikoptè konba salvadoryen yo te rive ann Ayiti sèlman 29 oktòb, tandiske rapò a te parèt yon jou anvan sa.
Li ajoute, depi elikoptè yo rive nan peyi a, yo poko janm reyalize okenn misyon ayeryen. Pou prezidan an, detay sa yo montre akizasyon ki nan rapò a pa chita sou reyalite.













