Yon nonm ki idantifye sou non Ougan Tibo Liberal mouri yè samdi 31 oktòb 2026 la, nan echanj kout zam ak Lapolis nan yon gagè ki toupre mache kominal Wanament lan. Ensidan an rive pandan ajan fòs lòd yo t ap egzekite yon manda kont li. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, lè Ougan Tibo Liberal wè lapolis parèt, li rale zam li epi li tire sou ajan yo. Pandan echanj kout zam nan, yon polisye resevwa yon bal nan pye. Li entène lopital kote l ap resevwa swen.
Pou kounye a, koz ki fè yo t ap vin egzekite manda a ak sa ki te mennen otorite yo vin arete Ougan Tibo Liberal la poko klarifye.













