Militè tchadyen Sossal Kamis Alhadj, ki deplwaye an Ayiti ak Fòs Represyon Gang yo reyaji apre prezidan salvadoryen Nayib Bukele te pibliye kat idantite li. Nan yon videyo li mete deyò, militè a konfime li vivan, pandan sitiyasyon sa a soulve kesyon sou sikonstans ki te fè kat idantite li pèdi pandan operasyon k ap fèt ann Ayiti yo. Daprè enfòmasyon fòs la bay, kat idantite Sossal Kamis Alhadj te pèdi pandan operasyon pou chache pèsonèl salvadoryen ki disparèt depi 18 oktòb nan zòn Santo, nan komin Kwadèboukè. Se nan kontèks rechèch sa yo kat idantite militè tchadyen an te pèdi.
Piblikasyon kat idantite a te mete dokiman an te soulve gwo kesyon, sa ki te pouse militè tchadyen an pran lapawòl pou bay nouvèl sou sitiyasyon li.















