Pami zam k ap tire nan plèn nan, gen plizyè gwo mitrayèt ki nan tèt yon seri cha ki kapab tire plizyè santèn katouch nan yon grenn minit. Selon ekspè yo, zam sa yo se gwo zam lagè ki rive nan peyi a pou fasilite militè salvadoryen yo akselere rechèch 4 konpatriyòt yo Chen Mechan ak Lanmò San Jou te atake. Pandan tout jounen samdi 24 oktòb la ankò, elikoptè te toujou ap siyone plèn nan pandan plizyè inite ap frape atè.
Selon plizyè sous, bandi yo gentan gaye divès kote e genyen ki pran wout pwovens pou yo pa rapò ak frap y ap resevwa.













