Ansyen Prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, kritike eta Ayiti pandan l ap fè yon konparezon ant sitiyasyon peyi a lè li te kite pouvwa a an 2016 ak reyalite peyi a ap viv jodi a. Mwen te kite yon peyi kanpe, jodi a li kouche plat atè. Èske se listwa ki trase konsa, a chak fwa l kraze pou m leve l ankò? Yon sèl moun pap ka leve peyi a, se nou tout ki pou mete men pou chanje peyi a, se deklarasyon ansyen chèf Leta a fè vandredi 23 oktòb 2026 la, pandan l ap depoze pyès li kòm potansyèl kandida pou pòs prezidan.
Si yon bò Michel Martelly ap resevwa ochan nan men yon ti gwoup moun, gen anpil lòt moun ki wè sitwayen sa a kòm yon andikap pou devlopman peyi a.













