Ansyen senatè ayisyen John Joël Joseph deklare, vandredi 23 oktòb 2026 la, devan tribinal federal Miami, se li menm ki te fè Christian Emmanuel Sanon rankontre ak Pierre Espérance, direktè egzekitif Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun (RNDDH). Daprè temwayaj ansyen senatè a, rankont sa a te fèt nan biwo RNDDH. John Joël Joseph presize se li menm ki te planifye rankont lan pou Christian Emmanuel Sanon.
Deklarasyon sa a fèt nan kad pwosè federal Ozetazini ki gen rapò ak asasina ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse













