450 militè salvadoryen deja rive Pòtoprens, vandredi 23 oktòb 2026 la, pou patisipe nan rechèch 4 konpatriyòt yo ki disparèt epi ranfòse Fòs Represyon Gang yo (FRG). Daprè jounal Le Nouvelliste, ki site yon sous ki byen enfòme sou dosye a, yon lòt avyon ki te pote 100 sòlda te ateri nan Pòtoprens nan aswè vandredi a, sa ki te fè kantite militè salvadoryen ki deplwaye ann Ayiti yo rive 450.
Militè sa yo gen misyon akselere rechèch 4 teknisyen ayewonotik salvadoryen ki disparèt depi dimanch 18 oktòb la.













