Sèvis Idwometeyowolojik anonse gen 2 sant bas presyon ki sitiye yo nan nò peyi d Ayiti ak nan sant epi lwès lanmè Karayib la. Se sa ki lakoz lapli ap tonbe sou plizyè depatman tankou gran Sid la an patikilye ak Lwès. Responsab yo anonse tou gwo lapli, loraj ak van sou depatman sa yo sitou jodi dimanch 25 oktòb la.
Responsab pwoteksyon sivil yo mande pou popilasyon an rete vijilan pou si lapli sa yo ta trennen glisman tèren dèyè yo.















