Doktè Jeune Vierge Arthy nan men bandi ki kontinye ap teworize popilasyon an. Nèg ak zam yo leve bonè nan maten pandan l pral nan biwo l sou Frè a nan zòn 8 a 8 makèt aprè sa yo kite machin li nan menm blòk la. Doktè Vierge se direkris Pavillon l’Age d’Or. Nan kòmansman […]Lire plus...
Ayisyen ak kiben ki valide pou antre Etazini nan kad pwogram imanitè prezidan Joe Biden nan ap benefisye 400 dola chak mwa pou rive 8 mwa. Se sèlman ayisyen ak kiben k ap jwi privilèj sa a. Se “l’Office of Refugee Resettlement” (ORR) ki responsab pwogram sa a. Nikaragweyen ak venezyelyen yo poko elijib pou […]Lire plus...
Nan yon rapò li pibliye 31 janvye pase a, Transparency International klase Ayiti 171 sou 180 peyi a ki gen plis kòripsyon ladan l sou latè. Peyi d Ayiti pèdi 3 plas pa rapò ak ane 2021 an. Se peyi Somali ki twouve l an dènye pozisyon. Nan lane 2021, Ayiti te 164e nan klasman […]Lire plus...
Fo papye ki te nan men moun sa yo ki t ap tante ale Ozetazini an, se nan kad menm pwogram imanitè Biden nan. CBP pa rekonèt papye ki nan men moun sa yo paske yo pa anrejistre nan sistèm nan. Moun sa yo p ap janm ka ale Etazini ankò poutèt rezon sa a. […]Lire plus...
Kat (4) endividi ki gen non yo site nan lanmò Jovenel Moïse pa nan prizon nan peyi d Ayiti ankò. Non yo se James Solages, Christian Emmanuel Sanon, Joseph Vincent ak Germán Rivera Garcia. Jodi madi 31 janvye a, yon avyon militè ameriken vin pran yo e ale avèk yo nan peyi Etazini. Mesye sa […]Lire plus...
Nan dènye sòti li a, DG PNH la, Frantz Elbé te di li pral ranfòse tout komisarya yo e an menm tan deklanntche yon operasyon li batize Tornade 1. Depi lansman operasyon sa a, polisye nan anpil rejyon anndan peyi a se manifeste y ap manifeste pou mande bon jan materyèl e egzije Wo Kòmandman […]Lire plus...
Komisè Minisipal Sergo Dasmy nonmen nouvo responsab komisarya ki nan ayewopò entènasyonal peyi d Ayiti a, li ranplase Isaac Mérilien. Prophète Joachim vin nouvo direktè Direksyon Ransèyman Jeneral yo epi komisè Aladin Jean-Louis ki te nan jiridiksyon Petyonvil la transfere nan DCPA, se Wo Kòmandman PNH la ki bay detay sa yo. Chanjman sa yo […]Lire plus...
Jacques Lafontant, pou montre dezakò l ak Louko Désir epi Esaüe César li twouve k ap site non l mal nan radyo, envite yo vin reponn kesyon l 1e fevriye 2023 k ap pwoche la a. 2 animatè yo t ap fè analiz sou sanksyon CSPJ pran kont Jacques Lafontant an. Malgre li pat sètifye […]Lire plus...
Gwoup gang Vitel’Homme nan fin depatcha Sou-komisarya Pènye a, yo mete pye yo kounye a nan Belvil kote yo kraze yon mi. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, se abitan nan zòn nan ki fè rezistans ak bandi yo ki fè dega yo pa pi grav. Se 3 atak youn dèyè lòt bandi yo fè sou […]Lire plus...
Sou-komisarya Pènye a pa egziste ankò. Bandi ki fè pati gwoup gang ki gen Vithel’Homme Innocent nan tèt li a depatcha l nèt nan lannwit samdi 28 janvye 2023 a. Pou kounye a, se gwoup gang sa a ki gen kontwòl zòn sa a 100%. Komin tankou Site Solèy, Matisan, Lyankou, Ti Rivyè pa gen […]Lire plus...




