Sekretè DHS la, Markwayne Mullin, fè konnen operasyon depòtasyon imigran san papye yo ap kontinye, malgre viktwa Demokrat yo nan eleksyon mi-manda yo, ki pral pèmèt pati a pran kontwòl Sena a ak Chanm Reprezantan an. “Deportations will continue” se mesaj 3 mo Mullin te pibliye sou kont X li, nan yon moman kote Demokrat yo ap prepare pou konteste plizyè desizyon administrasyon Trump lan, sitou sa ki gen rapò ak sèvis politik etranjè epi aplikasyon mezi kont imigrasyon ilegal yo.
Chanjman nan balans pouvwa a nan Kongrè a kapab louvri yon nouvo batay politik ant administrasyon Trump lan ak Demokrat yo.













