Pandan temwayaj li devan tribinal federal Miami an nan kad pwosè asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse la, German Rivera revele se Joseph Félix Badio ak ansyen senatè John Joël Joseph ki te bayo fo plak idantifikasyon ajan DEA yo ki te plase sou jile balistik yo. Daprè temwayaj Rivera, jile balistik sa yo soti Miami pou antre Ayiti pandan 2 fwa. Premye gwoup ekipman an te rive 21 me, ansanm ak Christian Emmanuel Sanon ak Antonio Intriago, tandiske dezyèm livrezon an te fèt pandan dezyèm mwatye mwa jen an.
Revelasyon sa yo pote nouvo detay sou ekipman ki te prepare epi voye ann Ayiti anvan operasyon ki te mennen nan asasina Jovenel Moïse la, nan dat 7 jiyè 2021.















