Day: <span>November 5, 2026</span>

Badio ak Ortiz te bay enfòmasyon sou kote kriminèl yo

Joseph Félix Badio ak Archangel Pretel Ortiz te bay enfòmasyon sou kote ansyen Prezidan Jovenel Moïse te ye nan rezidans li, daprè temwayaj German Rivera devan yon tribinal federal nan Miami, nan kad pwosè sou asasina ansyen chèf deta a. Rivera fè konnen ekip Delta a te gen misyon pou pran chanm prezidan an, ki […]Lire plus...

Se Badio ak John Joël Joseph ki te bay fo

Pandan temwayaj li devan tribinal federal Miami an nan kad pwosè asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse la, German Rivera revele se Joseph Félix Badio ak ansyen senatè John Joël Joseph ki te bayo fo plak idantifikasyon ajan DEA yo ki te plase sou jile balistik yo. Daprè temwayaj Rivera, jile balistik sa yo soti Miami […]Lire plus...

Repiblik Dominikèn deplwaye plis pase 11000 sòlda sou fwontyè a

Minis Defans dominiken an, Carlos Antonio Fernández Onofre, anonse plis pase 11 000 sòlda ap siveye fwontyè ant Repiblik Dominikèn ak Ayiti. Deklarasyon sa a fèt nan yon kontèks kote otorite dominiken yo kontinye ranfòse dispozitif sekirite yo akoz enstabilite ak aktivite gwoup ame nan peyi Ayiti. Daprè minis la, militè yo deplwaye sou premye […]Lire plus...

Plizyè timoun arete Dajabón, konsil ayisyen an reyaji

Konsila Ayiti nan Dajabón reyaji aprè majistra vil la fè arete plizyè timoun ayisyen. Nan yon mesaj piblik, konsil Ricot Almonord raple tout timoun gen dwa pou jwenn pwoteksyon, sekirite ak respè pou diyite yo, kèlkeswa nasyonalite yo oswa sitiyasyon migratwa yo. Konsila la rekonèt otorite yo gen responsablite pou fè respekte lalwa, men li […]Lire plus...

Depòtasyon migran yo pap kanpe Ozetazini

Sekretè DHS la, Markwayne Mullin, fè konnen operasyon depòtasyon imigran san papye yo ap kontinye, malgre viktwa Demokrat yo nan eleksyon mi-manda yo, ki pral pèmèt pati a pran kontwòl Sena a ak Chanm Reprezantan an. “Deportations will continue” se mesaj 3 mo Mullin te pibliye sou kont X li, nan yon moman kote Demokrat […]Lire plus...

Raphinha pwolonje ak FC Barcelone pou 2030

FC Barcelone anonse ofisyèlman, jedi 5 novanm 2026 la, li rive jwenn yon akò ak atakan brezilyen Raphinha pou pwolonje kontra li ak klèb katalan an jouk 30 jen 2030. Avèk nouvo angajman sa a, jwè a ap kontinye defann koulè Barça pou plizyè lòt sezon ankò. Depi li te rive nan FC Barcelone an […]Lire plus...

German Rivera revele yo te prezante l Junior Alexis kòm

Pandan pwosè asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse la devan yon tribinal federal nan Miami, temwen German Rivera fè konnen yo te prezante yon sèten Junior Alexis ba li kòm yon kad nan Polis Nasyonal d Ayiti (PNH). Se pwokirè Sean McLaughlin ki te poze Rivera kesyon sou Junior Alexis, pandan li t ap prezante foto […]Lire plus...

BRANA kanpe travay poutèt ensekite

BRANA ki chita kò l nan plèn nan sòti yon nòt pou l mande anplwaye l yo chita lakay yo jiskaske tout bagay retounen nan nòmal. Selon nòt la, yo diminye sou travay yo e yo mande anplwaye yo rete disponib pou si y ap rele yo nan telefòn pou yo ka jwenn yo. Konpayi […]Lire plus...

Contact Us