Pandan pwosè asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse la devan yon tribinal federal nan Miami, temwen German Rivera fè konnen yo te prezante yon sèten Junior Alexis ba li kòm yon kad nan Polis Nasyonal d Ayiti (PNH). Se pwokirè Sean McLaughlin ki te poze Rivera kesyon sou Junior Alexis, pandan li t ap prezante foto plizyè moun pou temwen an idantifye yo epi esplike ki relasyon yo te genyen ak Christian Emmanuel Sanon, youn nan akize nan dosye a.
Pandan menm entèwogatwa a, German Rivera fè konnen ansyen senatè John Joël Joseph te konn itilize ti non « J3 ,oswa Simba, Li te poze kesyon tou sou Ashkard Pierre ak Gordon Désir, 2 lòt moun ki site nan dosye a.













