Konsila Ayiti nan Dajabón reyaji aprè majistra vil la fè arete plizyè timoun ayisyen. Nan yon mesaj piblik, konsil Ricot Almonord raple tout timoun gen dwa pou jwenn pwoteksyon, sekirite ak respè pou diyite yo, kèlkeswa nasyonalite yo oswa sitiyasyon migratwa yo. Konsila la rekonèt otorite yo gen responsablite pou fè respekte lalwa, men li ensiste pou nenpòt entèvansyon ki enplike minè fèt nan respè pwosedi legal ki la pou pwoteje yo.
Konsil la mete aksan tou sou nesesite pou pwoteje imaj ak vi prive timoun yo, sitou lè foto yo ap sikile sou rezo sosyal.















