Parisien Fils-Aimé ap selebre 60 lane karyè li nan mitan òkès Tropicana d’Haïti. Li te antre nan fòmasyon mizikal sa a nan mwa novanm 1966, lè li te gen sèlman 19 lane. Nan okazyon gwo anivèsè sa a, meri vil Okap, anba direksyon majistra Michel Saint-Croix, te òganize yon seremoni ofisyèl vandredi 6 novanm 2026 la. Nan seremoni sa a, yo te remèt atis la yon plak donè ak merit kòm rekonesans pou kontribisyon li nan mizik ayisyèn. Plizyè nan konpayon mizisyen li yo ansanm ak divès pèsonalite nan vil la te prezan.
Pou kontinye selebrasyon an, yon gwo sware gala ap dewoule samdi 7 novanm nan Tropicana Night Club, nan vil Okap, kote Òkès Tropicana d’Haïti ak gwoup Zile pral monte sou sèn pou rann omaj ak atis la.













