Prezidan ameriken an, Donald Trump, rekonèt politik depòtasyon administrasyon li an te twò sevè. Li fè deklarasyon sa a pandan yon entèvyou li bay chèn televizyon CBS, nan emisyon 60 Minutes, kote li admèt mezi administrasyon li an te pran kont imigran yo te depase limit. Trump rekonèt tou operasyon depòtasyon yo te lakòz kèk imigran ki te gen travay epi ki t ap kontribye nan ekonomi ameriken an kite peyi a. Li menm reponn wi lè yo mande l si li konsidere politik sa a te twò di.
Deklarasyon sa yo fèt nan yon kontèks kote politik migratwa prezidan ameriken an ap fè fas ak anpil kritik, sitou akoz operasyon ajan Sèvis Imigrasyon ak Ladwàn (ICE) ap mennen kont imigran san papye sou tout teritwa ameriken an.













