Prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, fè konnen chèf gang an Ayiti, tankou Babekyou, gen gwo enkyetid devan apwòch san konpwomi li adopte nan batay kont gwoup ame yo. Nan yon piblikasyon li pataje sou rezo sosyal X la, Bukele mete aksan sou enkyetid ki egziste nan mitan chèf gang yo devan pozisyon li genyen kont gwoup ame yo.
Deklarasyon sa a parèt nan yon kontèks kote prezidan salvadoryen an kontinye montre volonte li pou patisipe nan batay kont gang ann Ayiti, pandan angajman El Salvador nan efò sekirite nan peyi a ap atire anpil atansyon.















