Ekonomis, antreprenè, pwofesè ak ekriven Etzer Emile anonse kandidati li pou prezidan Repiblik d Ayiti nan pwochen eleksyon yo, anba banyè Gwoupman SOLÈY. Li fè anons sa a samdi 31 oktòb 2026 la, nan yon videyo li pibliye sou rezo sosyal li yo. Kandida a mete sekirite, travay ak jistis sosyal kòm 3 priyorite prensipal pwojè li a. Li pwomèt pou l defann yon nouvo lidèchip ki mete enterè popilasyon an an premye epi ki kase ak ansyen pratik politik yo.
Etzer Emile estime Ayiti bezwen yon Leta serye ak responsab, ki kapab sèvi tout sitwayen, kit yo nan peyi a, kit yo nan dyaspora a. Li di li angaje l pou l travay pou konstwi yon Ayiti ki pi sanble ak rèv pèp ayisyen an.













