Otorite sanitè ayisyen yo resevwa yon nouvo sipò nan men gouvènman ameriken an. Nan dat 29 oktòb 2026 la, Depatman d Eta Etazini te remèt 3 machin bay Ministè Sante Piblik ak Popilasyon, nan objektif pou kontribye nan amelyorasyon sèvis sante yo atravè tout peyi a. Don sa a vin reponn ak youn nan gwo difikilte sektè sanitè a ap fè fas ak li, sitou nan zafè transpò.
Nan plizyè rejyon nan peyi a, mank mwayen deplasman konplike distribisyon materyèl ak founiti medikal yo, pandan li limite kapasite ekip sante yo pou entèvni rapidman bò kote popilasyon an.













