Men lis kandida ki deja enskri nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou vin dirije peyi a nan pwochèn eleksyon yo: 21 kandida pou prezidan, 389 kandida pou senatè, 1 347 kandida pou depite, 1 958 kandida pou majistra, 2 623 pou kazèk ak 1 651 pou pòs azèk. Lis sa a yo poko definif paske pwosesis enskripsyon an ap kontinye.
Anpil moun atravè peyi a manifeste volonte pou yo vin dirije Ayiti nan divès pòs men pwogram anpil ladan yo pa konvenkan.













