Fon Nasyonal de Edikasyon (FNE) mande paran ak responsab yo depoze dosye pou sibvansyon lekòl 2026-2027 la ant 1e ak 4 septanm 2026, avèk plizyè dokiman obligatwa. Pwosedi sa a soulve kritik, paske gen paran ki vrèman nan bezwen ki pa menm konn li ni ekri. Pou yo, ranpli yon dosye administratif nan yon delè […]Lire plus...
Nan rezilta 9yèm Ane Fondamantal 2026 yo, plizyè depatman deja pibliye pousantaj reyisit yo. Nò an pran tèt ak 93.45%, Lwès vin dèyè ak 91.90%, Nòdès 91.73%, Sid 91.45%, Sant 86.24%, Grandans 85.99%, Sidès 80.34% ak Nip 75.50%. Pou bakaloreya, Lwès anrejistre 45.73% reyisit, kont 40.36% pou Nip. Rezilta 9yèm AF Latibonit ak Nòdwès, ansanm […]Lire plus...
140,000 paran ayisyen ki nan sitiyasyon vilnerab pral resevwa 15,000 goud chak pou ede yo fè fas ak depans rantre lekòl 2026-2027 la. Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ak Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES) siyen, madi 18 out 2026 la, yon pwotokòl akò pou mete asistans finansye sa a an plas. Pou […]Lire plus...
Dr Berthrude Albert, alyas Manman Lavi, nan tèt kole ak P4H Global, ap onore jodi a 10 pwofesè ki soti nan 10 depatman jewografik peyi a, nan kad pwogram PWONA. Pwofesè yo, ki deja chwazi kòm finalis, pral resevwa chak yon prim 1 000 dola ameriken, pandan chanpyon inisyativ la ap resevwa yon prim espesyal […]Lire plus...
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, ansanm ak minis Edikasyon Nasyonal la, Vijonet Déméro, inogire jedi sa a Lekòl Batis Mélinette, nan komin Aken, nan depatman Sid la. Lekòl la te sibi gwo domaj pandan tranblemanntè 14 out 2021 an. Apre plizyè ane, etablisman an jwenn yon nouvo lavi gras ak travay rekonstriksyon ki fèt ak […]Lire plus...
Aprè konsèy minis ki òganize madi 11 dawout 2026 la, Jefnie Toussaint vin nouvo Direktè Jeneral Fon Nasyonal Edikasyon (FNE). Li ranplase nan pòs sa a Elysée Collagène ki pa pase anpil tan nan tèt FNE. Jefnie se pwofesè inivèsite, sitou nan Inivèsite Nòtredam d Ayiti ki nan Gonayiv. Jefnie nome nan pòs sa a […]Lire plus...
Minis Edikasyon Nasyonal la Vijonet Déméro fikse relouvèti klas yo pou ane akademik 2026-2027 la pou 7 septanm 2026. Selon minis la, okenn bagay pa dwe kanpe lekòl li konsidere kòm sèl chemen ki ka devlope Ayiti. Minis la mande pou tout sektè mete men pou reyisit nouvèl ane lekòl ki pral vini an.Lire plus...
Etidyan Inivèsite Leta d Ayiti ki nan fakilte Etnoloji lanse yon mouvman pwotestasyon depi kèk jou. Etidyan sa yo ap denonse fason kèk dosye administratif ak akademik ap jere nan fakilte a. Pwotestatè yo mande dekana fakilte a pou l bay eksplikasyon klè sou plizyè dosye ki konsène fonksyònman enstitisyon an. Aktivite yo bloke pandan […]Lire plus...
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl lanse Estrateji Nasyonal pou Sante Mantal anndan lekòl yo nan peyi d Ayiti. Daprè kominike ministè a, inisyativ sa a lanse pou ede elèv ki sibi konsekans ensekirite a ak kriz imanitè k ap frape peyi a. Ranfòse prevansyon, sipò ak swivi sikolojik pou ti moun ak jèn ki […]Lire plus...
Ministè Edikasyon Nasyonal anonse louvèti 7 nouvo lise nasyonal nan plizyè depatman nan peyi a. Nouvo etablisman yo se lise nasyonal Despas nan komin Koto depatman Sid, lise Batis ak Kwafè nan Sant, lise Mare-Savon, Dos-d’Âne ak Poste-Métier nan Nòdwès epi lise Duquillon nan depatman Grandans. Daprè ministè a, desizyon sa a antre nan kad […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
