Bandi san manman ki fè pati baz Gran Grif nan komin Lyankou gaspiye 6 polisye UDMO jodi a nan kad yon operasyon yo t al mennen pou delokalize malfra sa yo. Gen plizyè bandi ki bwè dlo bouch yo tou. Daprè sous nou ka fè konfyans, polisye yo pat jwenn ranfò e yo te anndan […]Lire plus...
Plizyè Eta nan peyi Etazini deside pouswiv DHS la devan lajistis akoz pwogram sa a daprè sa yo di ki vyole lwa sou imigrasyon federal. Florid se youn nan Eta ki pran desizyon sila a. Sitiyasyon sa a kapab kanpe pwogram nan anntandan Lajistis pwononse l sou sa. N ap raple atravè pwogram sa a […]Lire plus...
Pou Ayiti fè fas ak chòk alimantè l ap konnen jodi a, Fon Monetè Entènasyonal valide 105 milyon dola ameriken pou jere kriz sa a. Daprè FMI, lavi chè ak lòt pwoblèm politik yo lakoz majorite moun ki nan popilasyon an ap mouri grangou, se pou sa y ap bay èd sa a ak peyi […]Lire plus...
Yon jenn gason ki rele Clauvens Jean Jacques te jwenn arestasyon l nan vil Miragwàn semèn pase a. Yo te akize l kòm kwa li ta fè pati gang Vitel’Homme ap dirije nan Tòsèl la. Jodi lendi 22 janvye a vè 2è nan laprè midi, komisè gouvènman Miragwàn nan Jean-Ernst Muscadin libere jenn gason an. […]Lire plus...
Premye minis Ariel Henry al byen pase nan somè an Ajantin pandan l kite yon pati nan popilasyon an ap souke kò yo nan kanaval, yon lòt pati menm ap kriye akoz bandi k ap ba yo pwoblèm, boule kay yo, lajistis ap fonksyone nan enjistis. Nan menm tan sa a, kidnapnig ap fè raj […]Lire plus...
Kidnapè yo se ravaj ase y ap fè nan peyi a. Samdi pase a sèlman nan sware, nèg ak zam pote ale anviwon 12 moun nan zòn Dèlma, Laboul ak Boudon. Pami moun yo anlve yo gen Mike Mercier ak tout madanm li nan Dèlma 31. Fanmi viktim yo, jan sa toujou konn fèt, mande […]Lire plus...
Sèvis Kominikasyon Primati Repiblik d Ayiti a anonse nan yon kominike premye minis Ariel Henry ale nan peyi Ajantin pou l al patisipe nan 7e somè Kominote Leta Latino-ameriken ak Karayib yo (CELAC). Somè sila a ap dewoule madi 24 janvye k ap pwoche la a. Pandan PM nan pa la a, se minis Ekomoni […]Lire plus...
Aprè 3 polisye fin mouri nan Metivye ak yon lòt ki disparèt, men kisa Direksyon Jeneral Polis la ekri:” _nou te fè demach pou pote polisye yo sekou malerezman yo mouri. Yo te ale nan zòn nan pou yo t al pote konkou bay yon pwòch youn nan polisye yo ki te an danje_”. Se […]Lire plus...
Aprè bandi ki sot ravaje 4e seksyon Belvi Lamontay yo t ap desann, yon bakòp polisye t al bare yo nan wotè Petyonvil nan yon zòn ki rele Metivye, lokalite Doko. Nan echanj kout zam ak bandi yo, gen 3 polisye ki tonbe e gen lòt ki blese ak bal. Bandi yo pote ale plizyè […]Lire plus...
Depatman d Eta ameriken anonse jodi a yon nouvo pwogram refijye ki rele “Welcome Corps”. Atravè pwogram sa a, prezidan Joe Biden vle akeyi 125 000 refijye pou antre Etazini pandan ane 2023 a. Nan kad pwogram sa a, se sitwayen ameriken ki kapab met ansanm pou akeyi moun sa yo. Pou premye ane a, […]Lire plus...




