Prezidan Nayib Bukele deplwaye 100 sòlda nan peyi d Ayiti jounen jedi 22 oktòb 2026 la pou apwofondi rechèch 4 militè salvadoryen gang Viv Ansanm yo pran an otaj yo. Selon medya Passion Info Plus, yon sous pwòch dosye sa a deklare nan mikwo Miami Herald: “sa a se kòmansman an”. Gen 100 lòt militè ankò ki gen pou rive nan peyi a avan lontan pou vin kase mete nan men gang yo.
Operasyon sa yo k ap fèt la, n ap raple, se pou chache sòlda salvadoryen yo men sa pa gen pou wè ak batay kont ensekirite vrèman.















