Yon fanm nan Katye Moren fòse yon ti gason manje matyè fekal apre yon diskisyon ki ta gen rapò ak pitit li. Enfòmasyon sa a ap sikile sou rezo sosyal yo, ak yon videyo ki montre sèn nan ki soulve gwo endiyasyon. Dapre temwayaj ki akonpaye videyo a, ti gason an t ap jwe ak pitit fanm nan lakay li epi fanm nan ta entèdi l kontinye jwe avè l. Apre sa, li fè timoun nan poupou nan yon bokit, anvan li egzije l manje sa l fè a.
Fas ak gravite akizasyon yo, popilasyon an te entèvni, sa ki ta pèmèt lapolis arete fanm nan. Dapre enfòmasyon ki disponib yo, manman san konsyans sa a deja nan men lajistis.













