Ansyen senatè ayisyen John Joël Joseph deklare li te kraze tou 2 telefòn li te genyen yo pou anpeche Lapolis lokalize l. Se sa li temwaye devan tribinal federal Miami, Ozetazini, vandredi 23 oktòb 2026 la, nan kad pwosedi jidisyè ki gen rapò ak asasina ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse la. Daprè deklarasyon ansyen senatè […]Lire plus...
Prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, pran lapawòl ankò sou misyon k ap prepare pou konbat gang ame ann Ayiti, pandan li reponn ak kritik moun k ap mete aksan sou danje ak difikilte operasyon an kapab reprezante. Nan yon deklarasyon li fè, Bukele kritike analiz ki prezante gang an Ayiti yo kòm gwoup ki pi […]Lire plus...
Ansyen prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, depoze pyès kandidati li yo nan Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) vandredi 23 oktòb 2026 la, nan kad demach li pou l patisipe nan pwochen eleksyon prezidansyèl yo. Li te prezante devan otorite elektoral yo ak yon ekip avoka ansanm ak plizyè patizan. Martelly, ki te deja enskri anliy […]Lire plus...
Jij Roger Noelcius deklare Leta ayisyen te kontinye peye l pandan plis pase yon lane aprè li te kite peyi a, nan kontèks dosye manda arestasyon li te siyen kont ansyen prezidan Jovenel Moïse la. Daprè temwayaj li devan yon tribinal federal nan Miami, Noelcius te rekonèt manda arestasyon li te siyen kont Jovenel Moïse […]Lire plus...
Yon fanm nan Katye Moren fòse yon ti gason manje matyè fekal apre yon diskisyon ki ta gen rapò ak pitit li. Enfòmasyon sa a ap sikile sou rezo sosyal yo, ak yon videyo ki montre sèn nan ki soulve gwo endiyasyon. Dapre temwayaj ki akonpaye videyo a, ti gason an t ap jwe ak […]Lire plus...
Kriminèl ak zam wete lavi pwofesè Jean Roussell Bellevue madi 20 oktòb 2026 la nan lokalite Bwalandri, komin Tòbèk. Jean Rousell se te pwofesè epi yon lidè kominotè ki kontribye anpil pou ede komin nan avanse selon sa anpil moun deklare. Manm popilasyon an pwofite okazyon sila a pou mande otorite nan komin Tòbèk fè […]Lire plus...
Premye Minis defakto Alix Didier Fils-Aimé kite peyi d Ayiti ayè jedi 22 oktòb 2026 la san okenn nòt ofisyèl pa soti pou li ale nan peyi meriken. San konnen poukisa vwayaj sa a, alòske sa gen anviwon 2 semèn depil te sot Etazini, Alix Didier Fils-Aimé kontinye itilize lajan Leta a pou vwayaje san […]Lire plus...
Jij ki te siyen manda arestasyon ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse la temwaye devan yon tribinal federal nan Miami, nan kad pwosè Christian Emmanuel Sanon an. Daprè temwayaj Roger Noelcius, se Mèt Mario Beauvoir ki te mande l siyen manda arestasyon an, sou pretèks se Anbasad Etazini an ki te dèyè demach la. Deklarasyon sa […]Lire plus...
Grandans, Nip, Sid, Sidès ak Lwès se 5 depatman sa yo otorite pwoteksyon sivil ak idwometeyowolojik mete alèt jòn sou yo akoz lapli k ap tonbe. Responsab yo mande pou popilasyon nan depatman sa yo rete vijilan paske gen ant 50 a 100 000 milimèt lapli ki ka tonbe, sa ki riske trennen dèyè l […]Lire plus...
Anviwon 77 sitwayen ayisyen rive nan Ayewopò Entènasyonal Okap la jedi 22 oktòb 2026 la, aprè gouvènman ameriken an te depòte yo. Pami yo gen 7 fanm daprè enfòmasyon ki disponib yo. Pami moun sa yo genyen Ayisyen ki te antre Ozetazini atravè pwogram imanitè administrasyon ansyen prezidan Joe Biden lan, ansanm ak lòt ki […]Lire plus...
