Kriminèl ak zam wete lavi pwofesè Jean Roussell Bellevue madi 20 oktòb 2026 la nan lokalite Bwalandri, komin Tòbèk. Jean Rousell se te pwofesè epi yon lidè kominotè ki kontribye anpil pou ede komin nan avanse selon sa anpil moun deklare. Manm popilasyon an pwofite okazyon sila a pou mande otorite nan komin Tòbèk fè tout sa yo konnen pou anpeche zak sa yo repete nan komin lan.
Anpil moun Tòbèk di yo p ap dakò pèdi komin nan konsa paske pat konn gen bagay sa yo ladan l.













