Kandida pou prezidan Ayiti a, Wilner Joseph, ap defann yon nouvo apwòch nan relasyon diplomatik ant Ayiti ak Sen Domeng, ki chita sou dyalòg, rekonsilyasyon ak koperasyon ekonomik. Vizyon sa a parèt nan liv li pibliye a, ki pote tit La apuesta por el diálogo, yon dokiman ki prezante kòm youn nan baz pwogram gouvènman […]Lire plus...
Prezidan dominiken an, Luis Abinader, fè konnen li te pale ak prezidan El Salvador la, Nayib Bukele, sou kolaborasyon nan domèn lojistik ak ransèyman pou operasyon kont gang kriminèl yo an Ayiti. Nan deklarasyon li, Luis Abinader presize gouvènman dominiken an kontinye suiv sa k ap pase ann Ayiti. Li souliye responsablite li se asire […]Lire plus...
Premye Minis defakto Alix Didier Fils-Aimé kite peyi d Ayiti ayè jedi 22 oktòb 2026 la san okenn nòt ofisyèl pa soti pou li ale nan peyi meriken. San konnen poukisa vwayaj sa a, alòske sa gen anviwon 2 semèn depil te sot Etazini, Alix Didier Fils-Aimé kontinye itilize lajan Leta a pou vwayaje san […]Lire plus...
Depòtasyon travayè ayisyen yo kontinye afekte pwodiksyon agrikòl la an Repiblik Dominikèn, kote yo reprezante plis pase 80 % mendèv nan jaden diri yo, daprè Tito Hernández, prezidan Asosyasyon Dominiken Pwodiktè Agrikòl yo, selon medya CDN. Nan sektè bannann nan, ant 3 000 ak 6 000 travayè ta deja kite sistèm pwodiksyon an akoz depòtasyon […]Lire plus...
Premye minis ayisyen Alix Didier Fils-Aimé pwomèt pou gouvènman li a ranfòse batay kont enpinite ak krim grav ann Ayiti, pandan li t ap pran lapawòl devan Asanble Jeneral Nasyonzini an. Nan diskou li a, Fils-Aimé deklare « enpinite se lòt fas ensekirite », pandan li ensiste sou nesesite pou otorite yo konbat toude fenomèn […]Lire plus...
Premye Minis defakto ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé kite peyi d Ayiti pandan wikenn sa a pou l al patisipe nan 81yèm sesyon Asanble Jeneral Nasyon Zini yo k ap fèt nan syèj Nasyon Zini an New York. Aktivite yo ap kòmanse 22 septanm. Daprè Primati, Alix ap gen pou l rankontre anpil otorite etranje […]Lire plus...
Prezidan ameriken an, Donald Trump nome Austin Holmes kòm nouvo anbasadè Etazini an Ayiti. Nominasyon an fèt nan yon moman kote Ayiti ap fè fas ak yon gwo kriz sekirite, pandan vyolans gang ame yo kontinye afekte plizyè zòn nan peyi a. Austin Holmes pral jwe yon wòl enpòtan nan relasyon ant Washington ak Pòtoprens, […]Lire plus...
Ansyen prezidan Michel Martelly patisipe, madi 8 septanm 2026, nan dyalòg CARICOM ap mennen ak aktè politik ayisyen yo sou kriz peyi a ak avni tranzisyon an. Rankont sa yo fèt nan yon moman kote kesyon eleksyon yo toujou rete yon gwo defi pou Ayiti. Malgre preparasyon elektoral yo, ensekirite ak absans yon konsansis politik […]Lire plus...
Selon yon kominike 2 peyi yo pataje ansanm, chita pale sa a fèt sou fwontyè Wanament lan pandan semèn nan. 2 gouvènman yo antann ranfòse mekanis koperasyon yo yon fason pou yo ka amelyore gouvènans fwontyè a ak jesyon kriz migratwa a nan respè enterè 2 peyi yo. Depi lè kriz binasyonal sa a eklate […]Lire plus...
Konsèy Sekirite Nasyonzini an mande pou deplwaman Fòs pou Konbat Gang yo (GSF) ann Ayiti akselere epi pou manda fòs la renouvle nan mwa septanm nan. Pandan reyinyon ijans li fè vandredi 28 dawout la, Etazini ak Wayòm Ini mande plis ekipman, finansman ak pèsonèl pou GSF la kapab ranfòse operasyon li yo ansanm ak […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
