Selon yon kominike 2 peyi yo pataje ansanm, chita pale sa a fèt sou fwontyè Wanament lan pandan semèn nan. 2 gouvènman yo antann ranfòse mekanis koperasyon yo yon fason pou yo ka amelyore gouvènans fwontyè a ak jesyon kriz migratwa a nan respè enterè 2 peyi yo. Depi lè kriz binasyonal sa a eklate ant 2 peyi yo, toujou gen chita pale men rezilta yo pa janm vizib.













