Premye minis ayisyen Alix Didier Fils-Aimé pwomèt pou gouvènman li a ranfòse batay kont enpinite ak krim grav ann Ayiti, pandan li t ap pran lapawòl devan Asanble Jeneral Nasyonzini an. Nan diskou li a, Fils-Aimé deklare « enpinite se lòt fas ensekirite », pandan li ensiste sou nesesite pou otorite yo konbat toude fenomèn yo avèk menm detèminasyon an. Premye minis la anonse etablisman 2 sant jidisyè espesyalize ki vize ranfòse kapasite sistèm jistis ayisyen an nan batay kont enpinite, krim finansye, krim mas ak vyolans seksyèl.
Daprè Fils-Aimé, estrikti sa yo fèt pou bay jistis la plis mwayen pou l trete dosye grav yo epi ranfòse aksyon kont moun ki enplike nan krim ak lòt zak grav.













