Yon eksplozyon ki fèt nan youn nan kan kote sòlda salvadoryen yo estasyone an Ayiti lakòz lanmò 2 militè, pandan 2 lòt sòlda blese. Ensidan an rive pandan yo t ap travay ak materyèl eksplozif nan kan an. Nan yon kominike, otorite salvadoryen yo fè konnen 4 militè te viktim nan detonasyon an. Pami yo, 2 pèdi lavi yo, tandiske 2 lòt yo blese epi y ap resevwa swen medikal.
Otorite yo prezante kondoleyans yo bay fanmi sòlda ki mouri yo, pandan yo eksprime solidarite yo ak pwòch viktim yo nan moman difisil sa a.













