Bilan eksplozyon ki te fèt nan yon baz militè kote sòlda salvadoryen yo deplwaye an Ayiti a pase a 3 militè mouri. Youn nan 2 lòt sòlda ki te blese nan ensidan an rann dènye souf li pandan l t ap resevwa swen medikal nan Repiblik Dominikèn, vandredi 20 novanm 2026 la. Eksplozyon an te rive pandan 4 militè salvadoryen t ap manyen materyèl eksplozif nan baz la. 2 sòlda te mouri nan ensidan an, pandan 2 lòt te blese. Aprè lanmò youn nan blese yo nan Repiblik Dominikèn, kantite sòlda ki pèdi lavi yo se 3 kounye a.
Fòk nou raple prezans sòlda salvadoryen yo ann Ayiti antre nan kad yon misyon Prezidan Nayib Bukele te lanse pou ede jwenn 4 teknisyen li yo.















