Plis pase 20 bandi ame mouri pandan yon operasyon fòs lòd yo mennen nan Matisan 2A, Vandredi 20 novanm 2026 la. Enfòmasyon sa a soti nan Direksyon Kominikasyon Polis la DIKOP ki fè konnen operasyon an lakòz gwo pèt nan mitan gwoup ame k ap opere nan zòn nan.
Plizyè inite espesyalize nan Polis Nasyonal d Ayiti a, ansanm ak Task Force la, te mobilize nan kad entèvansyon sa a.













