Yon gwoup jèn nan vil Okap fè pale anpil apre yon videyo ki ap sikile sou rezo sosyal yo montre yo k ap joure ewo endepandans Ayiti yo epi bay estati yo kou nan vizaj. Daprè jounalis Love-Marckendy Paul, zak sa a te fèt mèkredi 18 novanm 2026 la, nan yon moman kote peyi a t ap komemore 223yèm anivèsè batay Vètyè a. Daprè yon dekrè ki te pibliye nan jounal ofisyèl Le Monitè nan dat 31 desanm 2025, ensilt kont ewo endepandans yo kapab lakòz moun ki enplike yo sibi yon amann ki soti nan 5 rive 10 milyon goud, ansanm ak yon santans prizon ki soti nan 5 rive 10 lane.
Fas ak zak sa a, daprè jounalis Love-Marckendy Paul, ISPAN, meri Okap, delegasyon depatmantal Nò a ak Leta santral la dwe pran mezi ki nesesè yo san pèdi tan.













