Day: <span>November 20, 2026</span>

Marco Rubio salye liberasyon pitit fi James Boyard a

Sekretè d Eta Ameriken an, Marco Rubio voye yon gwo kout chapo pou fòs lòd yo an Ayiti, an patikilye Lapolis li di ki te fasilite liberasyon yon ti amerikèn aprè plizyè mwa li pase nan men bandi. Fiyèt sa a pa lòt ke pitit James Boyard a ki gen nasyonalite amerikèn. Marco Rubio di […]Lire plus...

Salvadoryen yo ak PNH kontinye frape nan Matisan

Fòs lòd yo ki konpoze ant militè salvadoryen yo, kèk inite nan PNH la ak task fòs la kontinye opere nan Matisan maten vandredi 20 novanm 2026 la. Plizyè dwón kamikaz kontinye tonbe sou bandi yo pandan salvadoryen yo ap boukante kout zam ak zèfèyis yo. Gen pliske 10 blennde ki mete tèt sou antre […]Lire plus...

Lapolis arete yon fanm ki se madanm yon chèf gang

Camelita Noël, alyas Liline, jwenn arestasyon l nan aswè yè jedi 19 novanm 2026 la, nan komin Gwo Mòn, depatman Latibonit. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, li se prezime madanm yon chèf gang yo konnen sou non Shelo. Aprè arestasyon an, fanm nan te rete anba kontwòl lapolis. Pandan yon foul moun te rasanble devan […]Lire plus...

Moun Chanbelan mete men sou Philippe Widjy Jean ki sove

Popilasyon nan komin Chanbelan, nan depatman Grandans, mete lapat sou Philippe Widjy Jean, jedi 19 novanm 2026 la, kòm yon moun yo sispèk ki ta enplike nan move zafè epi ki ta sove kite Pòtoprens pou al pran refij nan zòn nan. Aprè yo remèt li bay lapolis. Arestasyon sa a fèt nan yon kontèks […]Lire plus...

Administrasyon Donald Trump lan kontinye depòte ayisyen

Administrasyon prezidan ameriken Donald J. Trump lan depòte 85 Ayisyen, pami yo gen 10 fanm. Moun sa yo retounen ann Ayiti aprè desizyon otorite ameriken yo pran pou mete yo deyò sou teritwa Etazini. Aprè retou yo, Leta ayisyen mete yon dispozisyon pou akonpaye yo. Chak moun resevwa yon asistans finansye 25 000 goud, ansanm […]Lire plus...

Ministè Defans anonse chanjman nan inifòm Fòs Ame d Ayiti

Ministè Defans anonse yon chanjman nan inifòm Fòs Ame d Ayiti. Enfòmasyon sa a parèt nan yon kominike ofisyèl enstitisyon an pibliye, kote li fè konnen militè ayisyen yo pral genyen nouvo inifòm. Nouvo ekipman sa a deja kòmanse parèt sou militè FAd’H yo nan lari a. Chanjman sa a antre nan kad renouvèlman imaj […]Lire plus...

Contact Us